Zèfèyis ak gwo zam fann fwa debake nan blòk Tijo madi 7 oktòb 2025 lan. Yo kidnape anviwon 3 moun, yo vòlè anpil bagay pou abitan zòn nan. Atak sa yo repete plizyè fwa sou zòn sa a depi aprè lekòl fin relouvri a. Malgre rezistans brigadye yo, sa pa anpeche teworis yo miltipliye move zak yo.
Depi ayè madi a, aktivite yo ap fonksyone oralanti nan Tijo.





















