Gen yon seri diplomat ayisyen ki gen pliske 20 lane Ozetazini. Gen lòt ki gen ant 10 a 15 lane san yo pa janm chanje yo, anplis gen ladan yo nan gwo zak kòripsyon. Yon sitiyasyon ki pouse depatman deta ameriken reyaji epi mande moun KPT yo pou yo ranplase diplomat sa yo rapid vit.
gouvènman ameriken an egzije depa yo epi ranplase yo. Si sa pa fèt, y ap deklare yo Persona non grata.
N ap raple gen nan diplomat sa yo ki pran nasyonalite amerikèn depi lontan sa.





















