Nimewo 2 katèl meri Petyonvil la, Marie Géralda Nelson fè yon vizit sou Plas Sen Pyè pou konstate avansman travay amenajman k ap fèt nan espas piblik sa a. Daprè sa li obsève pandan vizit la, pwojè a ap pwogrese e plizyè travay deja rive nan yon etap enpòtan. Prezans responsab kominal la sou tèren an montre gen swivi k ap fèt sou dosye sa a, pandan popilasyon an ap tann travay yo fini pou yo layite kò yo.
Plas Sen Pyè nan Petyonvil, se youn nan espas piblik ki atire anpil jèn, sitou nan moman vakans yo.





















