Ansyen prezidan Michel Joseph Martelly retounen Ozetazini aprè li fin reponn kesyon lajistis sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la.
Pandan vizit li ann Ayiti a, lidè PHTK a te pase yon moman detant nan Petyonvil kote li te patisipe nan yon match foutbòl ak plizyè jèn. Selon enfòmasyon yo, li pran avyon nan Okap pou rantre Etazini.
N ap raple Michel Martelly te antre ann Ayiti espesyalman pou lajistis ayisyèn te ka tande l nan kad dosye asasina Jovenel Moïse la.





















