Òganizasyon sa a ki fè pati Nasyon Zini e k ap jere zafè ti moun nan mond lan sòti yon rapò pou l di se plis pase 600 mil ti moun gang yo fòse deplase atravè peyi a. Daprè Unicef, gen anviwon 3 milyon ti moun ki gen bezwen ijan nan peyi d Ayiti. ONGI sa a lanse yon SOS rapid pou ti moun sa yo ki nan gran nesesite.
N ap raple anpil nan ti moun sa yo viktim vyòl a eksplwatasyon.





















