Aprè deklarasyon ekonomis Etzer Emile la, anpil moun swa kont oubyen pou. Wi tout moun rekonèt pa gen anyen ki fèt aprè 1804 pou leve eskanp figi peyi a sou plan ekonomik ak sosyal men travay Desalin nan ap rete imòtèl. Kèlkeswa jan politisyen ayisyen fè pou krache sou non papa nasyon an, Desalin ap rete kòm premye jeneral nwa ki kase dan blan fransè epi kwape yo mete deyò nan peyi a. Menmsi nou rive nan lane 3000, Desalin ap rete referans pou tout limanite.
Politisyen ayisyen ak manm sektè prive a touye l ankò plizyè fwa men lide jeneral la p ap ka peri.























