Pandan FJKL ap pwodwi rapò sou tout kalite dosye nan peyi d Ayiti, sitou dosye kòripsyon, mèt Samuel Madistin ki se yon gwo poto anndan òganizasyon dwa moun sa a, anpil moun te etone wè se Samuel Madistin k ap defann Youri Latortue, ki gen yon bann dosye lou peze sou do l, tankou detounman lajan ONA, lajan Sena a, dosye gang pou n site sa yo ase.
Èske Samuel Madistin ap janm ka pwodui yon rapò sou aksyon Youri Latortue ap fè nan peyi a?





















