Meriken tèlman konnen Ayiti frajil, anvan anyen yo mande konpatriyòt yo kite l. Se ka pou ouragan Melissa k ap frape peyi a. Yo mande resòtisan yo kite peyi a paske yo paka garanti yo okenn sekirite. Yo mande sa ki te gen pou antre nan peyi a tou pa fè sa.
Lè gen katastwòf natirèl ak kesyon gang nan, Ayiti toujou pa bon pou yo.























