Kafou, Gresye, Laplèn, Kwadèboukè, Site Solèy, Pòtoprens, Ba Dèlma, Kenskòf, Kanaran, Mibalè, Latibonit pou n site perimèt sa yo ase, se kote ki bay anpil elektè. Poutan, yo tout ak zòn ki anviwonnen yo anba kontwòl plizyè gwoup teworis. Anpil elektè kite zòn yo pou y al viv lòt kote. Tout konsiderasyon sa yo rann sispèk yon òganizasyon eleksyon nan kèk mwa ankò.
Gouvènman defakto a ak responsab Lame epi Lapolis poko janm bay garanti fòmèl sou reyalizasyon eleksyon yo.





















