Volim kidnaping nan monte byen wo nan Dèlma ak lòt zòn vwazen yo. Sèlman maten jedi 13 novanm 2025 lan, pou pi piti 3 moun viktim zak kidnaping san konte plizyè tantativ ki fèt. Nan zòn Kriswa, gen yon sitwayen ki temwen yon anlèvman, li alète plizyè bakòp ki te nan perimèt la, pandan li menm l ap pouswiv ravisè yo rive jis Tijo, polisye yo pa fè anyen, selon temwanyaj li.
Jan sitiyasyon an ye, anpil remete an kesyon vrè travay polisye yo nan komin Dèlma.





















