11 milyon dola, se kantite lajan gouvènman ayisyen te mete kòm asirans pou konpayi Sunrise te ka rekòmanse fè vwayaj ayeryen sou Pòtoprens. Kèk semèn aprè kontra sa a fin siyen, Sunrise anonse li gen yon avyon ki pran bal e tou kanpe vòl yo sou Pòtoprens. li lage chay la sou do ensekirite pou l ka kolekte 11 Milyon an.
Konpayi Sunrise Airways malgre kritik l ap resevwa pa janm chanje kalite sèvis li yo nonplis.





















