Alòske tout moun te espere dominiken t ap transfere Ralph Laurent nan DCPJ pou vin reponn kesyon sou relasyon l ak Viv Ansanm an Ayiti, nouvèl ki tonbe jounen jedi 27 novanm sa a fè konn misye lib. Responsab jidisyè ak polisyè an Ayiti pat fè okenn demach pou mande transfè misye rapid malgre tout evidans ki genyen. Ralph Laurent libere tankou nenpòt lòt sitwayen pezib pandan DCPJ te lage avi rechèch dèyè l.
Yon liberasyon ki etone anpil moun nan fason li fèt la.





















