Lapolis Nasyonal d Ayiti atravè plizyè inite espesyalize nan tèt kole ak Task Fòs la kòmanse yon batay sere sere ak gang yo nan komin Kenskòf byen bonè maten samdi 22 novanm 2025 lan. Nan lokalite Vya, Gode ak Belo, se la polisye yo plis ap sakaje bandi yo. Lapolis ap mennen ofansiv sa yo pou deloje teworis yo nan divès kwen anndan komin nan selon premye eleman enfòmasyon yo.
Poko gen bilan ofisyèl sou batay sa a k ap dewoule nan Kenskòf.





















