DHS anonse jounen mèkredi 26 Novanm 2025 lan li mete fen ak estati proteksyon tanporè pou tout resòtisan ayisyen yo. Otorite amerikèn yo fè konnen, « li pap nan enterè nasyonal ameriken si yo renouvle TPS la ». Tout pwogram imanitè ki te la avan manda Trump lan, li deside mete bout ladan yo.
Otorite mande ayisyen yo pwofite de resous DHS ap bay atravè CPB Home nan pou yo retounen Ayiti oubyen chache yon lòt estati sosyal.























