Daprè enfòmasyon k ap sikile nan dènye minit sa yo, Steevenson Telfort alyas “Atros” ki se manm gwoup rap Rock Fam Lame a resevwa bal anba men bandi tou prè lakay li nan komin Dèlma. Gen yon zanmi l ki te avèk li ki kite po l aprè atak sa a. Tantativ asasina sa a voye rapè a al pran swen Lopital.
Se nouvèl ki kontinye antre lòt nouvèl nan peyi a. Sanble se tout bon vre chak moun gen yon grenn bal ki sere yon kote ap tann li.