Apati samdi 6 mas okenn machin vit tente pa gen dwa sikile nan peyi a, daprè Premye minis Joseph Jouthe

haitinewstv.com

Apati samdi 6 mas okenn machin vit tente pa gen dwa sikile nan peyi a, daprè Premye minis Joseph Jouthe

Nan objektif pou konbat ensekirite a k ap fè raj anndan peyi a, kote yon jou poko janm pase pou plizyè ka kidnapin pa anrejistre, te gen yon konsèy gouvènman ki te òganize ayè mèkredi 3 mas la. Nan konsèy sa tout gouvènman an deside, apati samdi 6 mas, pou okenn machin vit tente pa sikile anndan peyi a.

Daprè premye minis Joseph Jouthe, sèlman machin ki gen nouvo plak ofisyèl yo, machin kò konsilè ak kò diplomatik sèlman ki otorize woule ak vit tente. Aprè tout lòt machin ki gen vit tente ap tonbe anba sanksyon lalwa.

Chèf primati a te ale pi lwen pou l di menm machin polis pa gen dwa tente. Laplis a gen vit tenten lè yo ka met sekirite anndan peyi a.

Joseph Jouthe dil rekonèt gen anpil moun ki peye Direksyon jeneral enpo pou yo ka tente vit yo. Men l mande yo yon ti pasyans paske marengwen ap vole li pa konn sak mal sak femèl.

N ap raple mezi sa vini aprè gouvènman an te pran plizyè lòt ki poko ka pote rezilta pou mete fwen a machin ensekirite a ki kontinye mete dlo nan je pèp ayisyen an.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Nan konsèy 7 tèt la, lavalas ranpòte lamayòl

Pi fò moun ki pral konpoze Konsèy Prezidansyèl sila a te genyen oubyen toujou gen akwentans ak Lavalas. Fritz A.

Viv Ansanm sapata lokal jounal “Le Nouvelliste” la nan Pòtoprens

Pi ansyen kotidyen peyi d Ayiti a, Le Nouvelliste pase anba kòlè kriminèl ak zam yo ki twouve l nan

Konsèy Prezidansyèl la prete sèman

Anpil moun te panse se nan Vila d Akèy la Konsèy Prezidansyèl la t ap prete sèman, se rete yo

Viv Ansanm di si yo pa jwenn nan manje a,

Pòt pawòl kowalisyon gang ki rele Viv Ansanm nan, Babekyou nan yon deklarasyon fè konnen fòk yo dyaloge avèk yo.

Konsèy la ka enstale jedi 25 daprè Lesly Voltaire

Se Lesly Voltaire menm, reprezantan Lavalas nan Konsèy Prezidansyèl la e kandida pou prezidan ki pataje sa ak laprès. Li

Contact Us