Pou l egzèse gwo ponyèt li malgre l se yon premye minis mouri, Alix Didier Fils-Aimé deside entèdi tout fòm sibvansyon nan administrasyon piblik la. Misye pran desizyon sa a paske ta sanble gen rimè k ap kouri kòmkwa gen konseye prezidan k ap dekese gwo mago lajan pou sipòte pwòch yo avan 7 fevriye. Alix di paka gen bagay konsa pandan li mande pou mezi li a respekte san dèle.
Alix Didier Fils-Aimé ak Laurent St-Cyr sanble vle kidnape pouvwa a aprè 7 fevriye.





















