Plizyè santèn moun foule beton an pou di aba ensekirite nan peyi a

haitinewstv.com

Plizyè santèn moun foule beton an pou di aba ensekirite nan peyi a

Jedi 10 desanm nan make jounen entènasyonal dwa moun. Nan sans sa, plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la te deside òganize yon mach jodi a, pou di non ak ensekirite k ap taye banda nan peyi a.

Yo se plizyè santèn sitwayen ki sòti nan diferan sektè anndan peyi a ki te foule beton an pou vin rele, epi mande otorite yo mete yon fren a sa k ap pase nan peyi a.

Nan mach sa te gen plizyè kwen kote sitwayen yo te reyini nan mitan jounen an. Bò Teleko pon Moren se youn nan kote yo ta pral demare, avan yo te pran direksyon Ministè Jistis ak Sekirite Piblik. Pankat nan men, sitwayen yo te gen plizyè mesaj ki te afiche “non ak kidnapinn, non ak ensekirite, sispann maspinnen zantray nou”.

Moun yo te pwofite de mach sa pou denonse Jovenel Moïse ki dènye jou sa yo, pran plizyè dekrè, tankou dekrè pou kreye ANI, ki se Ajans Nasyonal Entèlijans. Yo te pwofite boule anpil kawotchou. “Se gras ak barikad nou te fè mouvman 1986 la, prezidan Jovenel Moïse paka vle prive nou de dwa pou n fè revandikasyon nou pase”, se konsa kèk reponsab òganizasyon te pale.

Polisye yo yon lòt fwa ankò, afiche yon konpòtman anti demokratik, kote yo ta pral anpeche sitwayen yo delivre mesaj yo devan ministè jistis. Pa twò lwen ministè a, Gédéon Jean ta pral delivre mesaj sa : “Nou vle viv, aba ensekirite, aba kidnapinn”.

N ap raple se pa sèl potoprens ki te gen mach pou di aba ensekirite k ap fè raj anndan peyi a. Nan Depatman Latibonit, Senatè Youri Latortue ak plizyè manb sektè demokratik ak popilè a te mache tou pou di aba ensekirite nan peyi Dayiti.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Pèp la ap mouri, konsèy la kontinye ap simaye djòb

T gen yon konsèy minis ki te òganize ayè mèkredi 30 avril 2025 lan, se pat pou pale de ensekirite

Lapolis lage plizyè dwon sou bandi yo nan komin Kenskòf

Byen bonè nan maten jedi 1e me 2025 sa a, te gen gwo afwontman ant Lapolis ak gang pye sal

Arnel Belizaire Anba Kòd nan Sidès Peyi a

Lapolis nan depatman Sidès, espesyalman nan Jakmèl mete anba kòd ansyen prizonye ak ansyen depite Arnel Bélizaire. Selon premye eleman

Etazini sou wout pou mete gang Ayiti yo sou lis

Administrasyon Trump lan pataje entansyon li genyen ak kongrè ameriken an pou l ta deziye tout gang an Ayiti yo

Luis Abinader ranfòse kapasite imigrasyon dominikèn pou depòte ayisyen yo

Prezidan dominiken an, Luis Abinader bay sèvis imigrasyon nan peyi l 50 kamyon ak 8 bis pou yo ka depòte

Contact Us