Nèg ak zam atake pòt pawòl G9 an fanmi ak alye a, Barbecue, nan Dèlma

haitinewstv.com

Nèg ak zam atake pòt pawòl G9 an fanmi ak alye a, Barbecue, nan Dèlma

Pòt pawòl G9 an fanmi ak alye a, Jimmy Cherisier alyas Barbecue manke vale dlo bouch li jodi jedi 3 desanm 2020 an, aprè nèg ak zam fin atake l. Ansyen polisye a ta pral sibi atak sila ant Dèlma 12 ak Dèlma 14.

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn Haïti News, Barbecue te gen yon bwa dwat li avèl, nan moman yon gwoup nèg ak zam te atakel. “Se nenpot 6 nèg, 4 ak gwo manch long, 2 ak 9 milimèt ki tire sou li. Se yon sòlda ki tap swiv li ki kouvri pou li. Barbecue manke mouri”, deklarasyon yon temwen sèn sila.

Nan atak sa gen 2 moun ki sòti blese, men Barbecue ki te sou yon moto pat rive touche. Toujou daprè temwen ki te sou plas, Barcebecue pèdi konesans, zam li ta pral bloke tou. “Misye te gentan fè yon sèl bal, epi li pèdi konesans. Nèg ki tire sou li yo panse l mouri, yo kouri ale”, toujou daprè menm sous la.

N ap raple depi kèk tan gwoup gang G9 la nan yon konfli ak plizyè gwoup gang ki Solino, Bèlè ak nan Maya.

Dapre premye minis Joseph Jouthe gwoup ame G9 an fanmi atake 2 patwouy Swat nan zòn Vilaj de Dye ak Gran Ravin, yon patwouy polis administratif nan Dèlma, epi atake yon Komisarya tou.

Lokatè primati a fè konnen lapolis la pran atak sa yo oserye epi ap reyaji. Joseph Jouthe mande popilasyon an rete vijilan.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Lapolis fè yon bon bèk nan Mibalè

Plizyè vagabon a sapat tonbe nan komin Mibalè jounen vandredi 18 avril 2025 sa a nan echanj kout bal ak

Teriworis yo ap pwogrese a gran pa sou komin Kenskòf

Depi nan mwa janvye 2025, Leta ayisyen te gen posiblite pou l te mete fren nan premye vag bandi ki

Konsèy 7 tèt la jwenn sipò 2 gwo Peyi Ewopeyen,

Lafrans ak Wayòm Ini gen menm pozisyon ak Etazini epi Caricom ki te di yo kanpe bò kote konsèy prezidansyèl

Macron rekonèt Lafrans te fè Ayiti abi men li pa

Nan kad bisantnè lajan endepandans Boyer te fè Lafrans kado a (1825-2025), Emmanuel Macron rekonèt se yon tò yo te

Lapolis ak Lame fè tout sa yo kapab pou anpeche

Sòti depi Petyonvil, desann sou Dèlma vire sou Lali antre sou Boudon jouk rive Jivena, Lapolis gen yon dispozitif anraje

Contact Us