Peyi Etazini pwononse l’ sou pwojè refòm konstitisyonèl prezidan Jovenel Moïse la

haitinewstv.com

Peyi Etazini pwononse l’ sou pwojè refòm konstitisyonèl prezidan Jovenel Moïse la

Peyi Etazini, a travè anbasad li ki nan peyi Dayiti, bay pozisyon li sou pwojè refòm konstitisyonèl prezidan Jovenel Moïse ap klewonnen an.

Si chèf leta a, nan adrès li te fè avèk nasyon an samdi pase a, te deklare chanjman Konstitisyon se yon kondisyon preyalab pou eleksyon yo òganize nan peyi a, anbasad amerikèn nan peyi a pa t pran tan pou rekadre, nan dat mèkredi 28 oktòb 2020 an, nan yon twit, premye sitwayen peyi a.

«Enstitisyon demokratik ayisyèn yo ta dwe detèmine mekanis legal ki apwopriye pou chanjman konstitisyonèl la, ak kontribisyon sosyete sivil la», se sa nou li sou kont Twitè anbasad la ki kwè Konstitisyon an pa ka chanje san patisipasyon òganizasyon yo ki nan sosyete sivil la.

Yon konpòtman otoritaris Me. Bernard Gousse te deja kritike kay chèf leta a. «Deba yo te dwe fèt sou liy direktris Konstitisyon an avan travay redaksyonèl la. Malerezman, chèf leta a pa kreye kondisyon pou sa», se deklarasyon M. Gousse ki t’ap patisipe nan ribrik «Le Point» sou televizyon Métropole, lendi 26 oktòb la.

Alòske pouvwa lejislatif la konsantre nan men prezidan Jovenel Moïse, administrasyon amerikèn nan raple chèf leta a: «Palman ayisyen an dwe re-etabli pi vit ke posib pou Ayiti retounen sou yon chemen demokratik».

Wilner Jean

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Okenn dispozisyon pat pran pou epanye Kenskòf kont dènye atak

Alix Didier Fils-Aimé, chèf CSPN, Paul Antoine Bien-Aimé, minis enteryè, Vladimir Paraison, direktè PNH, komisè Cadet, responsab komisarya Kenskòf la

Teworis Didi menase touye plizyè moun ki nan men l

Aprè atak dènye Kenskòf la ki lakoz lanmò anviwon 50 moun, teworis ki rele Didi ki gen kontwòl komin nan

Yon etidyan nan 4e ane syans enfimyè nan UNASMOH mouri

Kominote etidyan UNASMO a nan gwo doulè aprè nouvèl lanmò Joseph Dalenjie, yon etidyan ki te nan 4yèm ane Syans

Ansyen vis delege Miragwàn nan anba kòd pou « abi

Ansyen vis delege awondisman Miragwàn sou administrasyon ansyen prezidan Michel Martelly, Samuel Bonheur, jwenn arestasyon li lendi 24 dawout 2026

DHS devwale 15 Ayisyen li prezante kòm manm gang ak

Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS) mete piblikman non ak foto 15 Ayisyen ki te pami plis pase 160 moun Etazini

Contact Us