Gandhi pwopoze « We Are Rap Challenge »

haitinewstv.com

Gandhi pwopoze « We Are Rap Challenge »

Gandhi Stiverne Dorsonne plis moun konnen sou non Gandhi Le Métronome deside reyini 10 atis ayisyen k ap viv nan peyi etazini sou menm albòm. Yon pwojè ki titre « We Are Rap Challenge » , chak atis sila yo ap gen pou pwodwi yon mizik li menm pou kont li sou menm beat.

Se sou tèm « We Can Rap Like Us» pwojè sila lanse ,pami atis yo n ap jwenn Skedju, Ouragan, Max Flo, Jay Aprann sa,Abodja Da Godman, Twenty One, PJ Da Boss, Ecally, Master Brain ak Biggystal .

Animatè Rap Kreyòl la fè konnen se pa yon ide ki diferan de projet I.A.M Music Empire ki te titre I.A.M Rap Challenge ki te reyini li menm 10 atis k ap viv an Ayiti pami yo: Burning, TF, Blay-Z, Samie-G, Ed-daliriks, M-Bri, F-Quake, Wood Terib, Kemberlee ak B-art, pou yo menm se te yon Battle « Can you Rap like me » ki li menm t ap dewoule sou tèm « You can’t rap like us »

Aktyèl Animatè G-Spot la deklare rezilta travay lan satisfè l, li avanse tou pou l di l chwazi rapè sila yo paske li estime yo pi byen plase pou lide l gen nan tèt li an.

« We Are Rap Challenge » gentan disponib sou tout platfòm streaming yo. Fanatik Rap Kreyòl yo ka kòmanse al apresye chak grenn atis ki sou albòm sila.

Angy Desravines

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Lanmò 100 jou kraze komisarya ak prizon Kwadèboukè a plat

Yon lòt kalòt marasa Viv Ansanm bay PNH la ankò sou rèy Frantz Elbé a. Prizon sivil Kwadèboukè ak komisarya

Lapolis repouse bandi ki te nan Lakou Dèkont yo

Lakou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif te anba kontwòl bandi depi nan lannwit jedi 16 pou bout vandredi 17 me

Premye twoup kenyan kap vini yo pa pral nan batay

Sòti 23 pou rive 26 me 2024, anviwon 400 ofisye kenyan ap gen pou debake nan peyi a. Daprè sa

Kadejak sou minè pa sispann ogmante nan depatman Grandans

Sòti 5 pou rive 11 me 2024 sa a, daprè IDETTE, gen pou pi piti 5 ka agresyon vyòl ki

Lapolis fizye yon bandi ki t ap tante kidnape yon

« Piti » se sou non sa yo konn prezime kriminèl sa a ki bay lamen ak lanmò maten mèkredi 15 me

Contact Us