Ayè dimanch 18 oktòb la, Repiblik Dominikèn rapatriye anviwon 100 ayisyen san papye sou fwontyè “Pedernales” la epi voye yo tounen nan peyi yo. Daprè medya dominiken yo, anpil nan ayisyen sa yo ap sèvi ak fo papye.
“Tout ayisyen ki nan lari, nan katye ak kominote yo, n ap arete yo menm si yo gen papye ki otorize yo sikile nan peyi a, epi n ap voye tounen sa ki gen fo dokiman yo”, deklarasyon Robert Mendez, youn nan responsab imigrasyon nan Repiblik vwazin nan.
Depi Luis Abinader rive sou pouvwa a, imigrasyon nan Repiblik Dominikèn aktive pou rapatriye ayisyen ki ilegal sou tèritwa a.
Jeff Jean Joseph