Enèji: ”se yon bon lide si Leta ta prete lajan pou bay Ayiti kouran”, daprè ekonomis Kesner Pharel

haitinewstv.com

Enèji: ”se yon bon lide si Leta ta prete lajan pou bay Ayiti kouran”, daprè ekonomis Kesner Pharel

Ekonomis Kesner Pharel, ki t’ap entèveni sou Magik9, yon medya nan kapital la, fè konnen se yon bon entansyon si Leta ta prete lajan pou bay teritwa ayisyen an kouran. Leta ayisyen te anonse nan dekrè nouvo bidjè a li pra l prete 16,3 milya goud pa bò kote sektè bankè yo nan peyi Dayiti pou finanse akizisyon santral elektrik yo, epi bay bon rezilta.

”Èske nou deja rezoud pwoblèm estriktirèl sektè enèjetik la? (…) se pa lajan k ap rezoud pwoblèm yo men se gouvènans”, daprè M. Pharel ki fè konnen pwochèn administrasyon k ap genyen pou vini an ap fè anpil depans. Li mete otorite yo an gad si yo pa pwofite mete Ed’H (Électricité d’Haïti, nan sig fransè) sou pye, travay la ap pi difisil epi koute lajan. Sibvansyon yo bay sektè sa ki pa bay randman gen yon valè plizyè santèn milyon dola ameriken, daprè PDG Groupe Croissance lan.

Ekonomis la panse se yon bon lide si prezidan Repiblik la Jovenel Moïse ta rive akonpli pwomès kanpay sila, ki se yon veritab defi pou chèf leta. Toutfwa Kesner Pharel prevni: ogmante kapasite pwodiksyon enèji elektrik nou yo kapab sanble ak ogmantasyon pwoblèm ak defisi bidjetè nou yo, daprè lèt kadraj bidjè 2020-2021 an, 34 milyon dola finansman ki prevni nan bidjè prale nan sektè enèjetik la sèlman.

Pooshy Rosana

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Plizyè milye manifestan mete Lafrans tèt anba

Jilè jòn, travayè ki fristre, migran ki an difikilte melanje ak liseyen yo ki te nan lari depi plizyè semèn

Wilner Joseph vle memwa Dessalines sèvi kòm baz pou rebati

Nan okazyon 17 oktòb la, Wilner Joseph mete aksan sou nesesite pou Ayiti tire leson nan asasina Jean-Jacques Dessalines, yon

Gwo Mòn plis pase 10 mil moun kouri kite kay

Vyolans ame nan Gwo Mòn, nan depatman Latibonit, fòse 10 197 moun kite kay yo sòti 28 septanm pou rive

Jean-Jacques Dessalines: yon figi ki p ap janm efase nan

Ayiti ap komemore samdi 17 oktòb 2026 la, 220yèm anivèsè asasina Jean-Jacques Dessalines, youn nan pi gwo figi nan listwa

175.8 milyon dola pou ranfòse rezo entènèt nan Karayib la

Etazini anonse yon envestisman 175.8 milyon dola ameriken pou devlope ak ranfòse enfrastrikti kominikasyon dijital nan Karayib la ak Amerik

Contact Us