Tanpèt Delta tounen ouragan epi menase Meksik avan Lèzetazini

haitinewstv.com

Tanpèt Delta tounen ouragan epi menase Meksik avan Lèzetazini

Tanpèt twopikal Delta transfòme an ouragan lendi swa nan Karayib yo epi ta dwe atenn madi a peyi Meksik ak fòs, sitou Yucatan. Ouragan an ap gen pou l rive nan sidès peyi Lèzetazini semèn sa, daprè anons sèvis meteyolojik yo.

Sant nasyonal ouragan yo (NHC) ki chita kò l nan Miami rapòte, pwent nò penensil meksikèn Yucatan dwe sou vijilans, rejyon sila ap konnen plizyè kondisyon danjere jodi a pou bout mèkredi.

”Delta ap soufle ak gwo van ki ka atenn 130 kilomèt lè ak gwo rafal ki pi fò nan sidwès Jamayik. Li pran direksyon kòt peyi Lèzetazini ak Meksik yo ak yon vitès 11 kilomèt lè.”
”San pa gen anyen ki pou frennen l, ouragan Delta, ap atenn ant jedi swa pou rive vandredi maten sid peyi Lèzetazini nan kèk pwen otorite yo poko detèmine, tankou Teksas, Lwizyàn, Misisipi oubyen Alabama.”

N ap raple, Ouragan ki fò yo klase nan kategori 3 ak 5, sou yon echèl ki ale jiska 5, avèk gwo van ki depase 178 kilomèt lè.

Pooshy Rosana

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Alix Didier Fils-Aimé al kontinye pran dikte nan men mèt

Alix Didier Fils-Aimé, premye minis defakto peyi d Ayiti a kite kapital la jounen dimanch 19 avril la an direksyon

Gouvènman defakto a livre ayewopò Tousen Louvèti bay meriken

Gen kote nan ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti sivil paka antre la selon revelasyon ki fèt sou dosye sa a. Gen

Ariana rive an chanpyon nan peyi d Ayiti

Depi lè l rive an Repiblik Dominikèn, akèy la te fèt ak anpil chalè. Konsila Ayiti nan peyi vwazen te

Ariana rive an chanpyon nan peyi d Ayiti

Depi lè l rive an Repiblik Dominikèn, akèy la te fèt ak anpil chalè. Konsila Ayiti nan peyi vwazen te

Lanmò 100 jou sakrifye yon aspiran polisye

Harley Marvens Nozil mouri anba bal chèf gang Lanmò san jou jounen madi 7 avril 2026 la nan Kwadèboukè. Jenn

Contact Us