Dominiken debake ak bulldozer yo kraze kay anpil moun nan komin Tomazo selon enfòmasyon yon majistra nan vil la pataje nan laprès. Sa gen plizyè mwa depi sòlda dominiken ap entimide popilasyon an pou repouse yo alòske yo lakay yo. Te gen yon delegasyon ki te ale Tomazo e se minis enteryè a Paul Antoine Bien-Aimé ki te nan tèt li pou al evalye sitiyasyon an men sanble sa pa bay okenn rezilta. Bò kote pa l, gouvènman ayisyen an poko janm pran dezisyon pou frennen deriv sa a.
Alòske peyi a gen lame, li gen Polifront, li gen yon minis zafè etranjè, senp sòlda dominiken debake epi masakre ayisyen libreman nan zòn fwontyè nou yo.













