Norélus Jean Michel moun plis konnen sou non Dunel tonbe anba bal nan komin Beladè nan sware madi 24 novanm 2026 la. Chèf brigad Back Up Feray la mouri nan yon sikonstans twoublan selon detay ki bay sou dosye sa a. Gen yon sèten Bonifas yo deja akize nan asasina sa a selon enfòmasyon k ap sikile. Se aprè yon diskisyon pou yon zam yo asasinen Dunel epi yo imilye kadav li selon imaj k ap sikile.
Selon anpil moun, Dunel te jwe yon gwo wòl nan batay pou rann komin Mibalè fè rezistans anba Viv Ansanm.















