Se prezidan Nayib Bukele ki anonse kreyasyon fon sa a pou sipòte fanmi 3 militè salvadoryen ki mouri yon fason regretab suit ak eksplozyon nan baz Taba a semèn pase a. Selon prezidan an, chak fanmi ap jwenn 200 mil dola epi rès 400 mil la, y ap resevwa l kòm yon revni chak mwa. Daprè prezidan an, fanmi viktim yo ap kontinye resevwa lajan yo te konn touche chak mwa ak lòt avantaj yo te konn jwenn.
N ap raple 3 sòlda sa yo mouri pou yon koz nòb pandan y ap ede moun ki bezwen sekirite an Ayiti.















