Yon sispèk manm gang 400 Mawozo pèdi lavi l anba bwa kale nan komin Beladè, nan lanwit jedi 20 novanm 2026 la. Sa rive kèk tan aprè ajan Lapolis te fin arete l pandan li tap eseye sove. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, aprè arestasyon an, yon gwoup moun nan popilasyon an rive pran sispèk la nan men polisye yo. Ajan ki te sou plas yo pa t gen ase efektif pou kontwole foul la, sa ki te pèmèt sitiyasyon an dejenere epi moun yo pase l anba bwa kale.
Ensidan an dewoule nan yon kontèks kote popilasyon an kontinye ap manifeste kòlè li kont moun yo sispèk ki enplike nan aktivite gang ame yo.















