Lapolis nan depatman Grandans entèpele plizyè jèn gason ak jèn fanm nan divès zòn nan vil Jeremi, nan kad yon operasyon li mennen nan maten vandredi 20 novanm 2026 la. Operasyon sa a fèt nan yon kontèks kote fòs lòd yo sanble ap ranfòse dispozitif sekirite yo nan plizyè rejyon nan peyi a. Depi lansman vag operasyon kont gang ame yo nan Pòtoprens, plizyè lòt vil nan peyi a rete sou vijilans, yon fason pou siveye mouvman sispèk epi prevwa nenpòt tantativ enfiltrasyon gwoup ame yo.
Pou kounye a, poko gen plis detay ki disponib sou idantite moun lapolis entèpele yo ni sou zak yo ta sispèk yo enplike ladan yo. Otorite lapolis yo poko bay plis presizyon sou bilan operasyon an.













