Fòs lòd yo ki konpoze ant militè salvadoryen yo, kèk inite nan PNH la ak task fòs la kontinye opere nan Matisan maten vandredi 20 novanm 2026 la. Plizyè dwón kamikaz kontinye tonbe sou bandi yo pandan salvadoryen yo ap boukante kout zam ak zèfèyis yo. Gen pliske 10 blennde ki mete tèt sou antre sid kapital la pou yo ka kontinye klase teworis yo nan wòl yo.
Avèk prezans fòs salvadoryen yo sou tèritwa nasyonal la, batay kont teworis yo pran yon lòt fòm.













