Administrasyon prezidan ameriken Donald J. Trump lan depòte 85 Ayisyen, pami yo gen 10 fanm. Moun sa yo retounen ann Ayiti aprè desizyon otorite ameriken yo pran pou mete yo deyò sou teritwa Etazini. Aprè retou yo, Leta ayisyen mete yon dispozisyon pou akonpaye yo. Chak moun resevwa yon asistans finansye 25 000 goud, ansanm ak yon kote pou yo rete pandan 24 èdtan. Bò kote pa li, òganizasyon Catholic Relief Services (CRS) pote kontribisyon pa li nan asistans pou moun sa yo.
Moun sa yo ap gen pou yo reprann lavi yo ann Ayiti apre depòtasyon yo soti Ozetazini, nan yon kontèks kote retou yo poze plizyè defi ekonomik ak sosyal.













