114 militè Fòs Lame d Ayiti retounen nan peyi a jounen dimanch 15 novanm 2026 la, aprè yo fin patisipe nan yon fòmasyon militè nan peyi Meksik, nan kad koperasyon ant de peyi yo nan domèn defans. Daprè anbasad Meksik nan an Ayiti, plis pase 1 000 militè ayisyen deja benefisye fòmasyon nan peyi Meksik nan kad koperasyon bilateral sa a.
Pwogram nan antre nan jefò k ap fèt pou ranfòse kapasite ak konpetans militè ayisyen yo.













