Sòlda FRG yo, ansanm ak ajan Polis Nasyonal d Ayiti, lanse yon operasyon nan baz gang ame yo nan zòn Tibwadòm, nan jounen dimanch 15 novanm 2026 la. Operasyon sa a vize repran kontwòl espas gwoup kriminèl yo ap itilize pou mennen aktivite yo. Gang sa yo ap simen laterè nan zòn nan depi plizyè lane, kote yo pa ezite sèvi ak zam pou tire nan mitan popilasyon an, sa ki mete lavi anpil sitwayen an danje.
N ap raple ni Lapolis ni FRG a poko janm mennen yon operasyon serye nan depatman Latibonit pou elimine atoufè yo.













