Se yon lòt trajedi ki frape popilasyon Ba Latibonit lan
9 moun pèdi lavi yo anba men gang Gran Grif, ki boule kadav viktim yo aprè yon atak sanglan nan nwit 13 pou rive 14 novanm 2026 la, nan lokalite Wobè, katriyèm seksyon kominal Lalouyè, nan komin Sen Mak. Daprè òganizasyon Konbit ba Latibonit KONBA, bandi yo mete dife nan plizyè motosiklèt ak kay peyizan. Mesye ame yo toujou ap okipe zòn nan, pandan popilasyon an ap viv anba gwo kè sote.
Devan nouvo masak sa a, KONBA mande entèvansyon sòlda salvadoryen yo nan Savyen pou dechouke gang Gran Grif la.













