4 sitwayen jamayiken anba kòd lapolis nan yon otèl nan vil Okay, nan depatman Sid peyi a, nan kad yon operasyon ki gen rapò ak trafik dwòg. Daprè enfòmasyon sous lokal yo, yo jwenn 4 moun yo ta pran pandan yo t ap konsome sibstans ki sanble ak marigwana nan moman ajan lapolis yo te entèvni nan otèl la. Pandan operasyon an, lapolis sezi 15 telefòn pòtab ansanm ak yon telefòn satelit ki te nan posesyon yo.
4 sitwayen jamayiken yo aktyèlman nan gadavi. Yo dwe pase devan Direksyon Depatmantal Lapolis Jidisyè nan Sid (SDPJ/Sid), kote otorite yo pral tande yo nan kad ankèt k ap fèt sou dosye a.













