Plizyè anplwaye DINEPA boule kawotchou devan lokal enstitisyon an, nan Dèlma 34, mèkredi 4 novanm 2026 la, pou denonse sa yo prezante kòm reta nan peman salè yo. Pandan mouvman an, manifestan yo mande responsab konsène yo pou peye lajan yo di yo touche pou travay yo deja akonpli. Aksyon sa a lakòz tansyon devan lokal enstitisyon an, kote ajan Polis Nasyonal d Ayiti te deplwaye pou evite sitiyasyon an vin pi grav.
Luckenson Auguste, responsab kominikasyon DINEPA, demanti reklamasyon ki fè kwè gen reta nan peman salè yo. Li fè konnen kontablite enstitisyon an te deja depoze lajan an sou kont anplwaye yo depi madi 3 novanm nan.













