Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) rive rekipere machin ki te transpòte 4 teknisyen salvadoryen ki disparèt depi 18 oktòb 2026 la, pandan yon operasyon nan Santo, komin Kwadèboukè. Nan yon kominike ki soti yè madi 3 novanm nan, Direksyon Kominikasyon Polis la (DIKOP) fè konnen PNH, Fòs Represyon Gang yo (FRG) ak sòlda salvadoryen yo te patisipe nan operasyon an, avèk plizyè inite espesyalize nan lapolis la.
Malgre rechèch yo, fòs sekirite yo poko jwenn 4 teknisyen yo. Sepandan, rekiperasyon machin nan reprezante yon nouvo eleman nan ankèt la.













