Prezidan dominiken an, Luis Abinader, fè konnen li te pale ak prezidan El Salvador la, Nayib Bukele, sou kolaborasyon nan domèn lojistik ak ransèyman pou operasyon kont gang kriminèl yo an Ayiti. Nan deklarasyon li, Luis Abinader presize gouvènman dominiken an kontinye suiv sa k ap pase ann Ayiti. Li souliye responsablite li se asire sekirite fwontyè peyi li epi pwoteje popilasyon dominiken an.
Diskisyon sa a fèt nan yon kontèks kote ensekirite a ann Ayiti rete yon gwo defi pou otorite yo, pandan gang ame yo kontinye reprezante yon menas pou popilasyon an.













