Ansyen senatè ayisyen John Joël Joseph deklare li te kraze tou 2 telefòn li te genyen yo pou anpeche Lapolis lokalize l. Se sa li temwaye devan tribinal federal Miami, Ozetazini, vandredi 23 oktòb 2026 la, nan kad pwosedi jidisyè ki gen rapò ak asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse la. Daprè deklarasyon ansyen senatè a, li te detwi telefòn yo pou Lapolis pa t kapab retrase kote li te ye. Temwayaj sa a mete aksan sou kesyon deplasman li ak mezi li di li te pran pou anpeche otorite yo lokalize l.
Asasina Jovenel Moïse la, ki te fèt nan nuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 nan rezidans prive li nan Pèleren 5, Petyonvil, kontinye ap fè objè pwosedi jidisyè Ozetazini. Temwayaj John Joël Joseph la fè pati eleman k ap egzamine nan kad dosye sa a.















