Grandans, Nip, Sid, Sidès ak Lwès se 5 depatman sa yo otorite pwoteksyon sivil ak idwometeyowolojik mete alèt jòn sou yo akoz lapli k ap tonbe. Responsab yo mande pou popilasyon nan depatman sa yo rete vijilan paske gen ant 50 a 100 000 milimèt lapli ki ka tonbe, sa ki riske trennen dèyè l gwo inondasyon ak glisman tèren. Si pa gen pi grav, lapli sa yo ta sipoze diminye nan wikenn k ap vini la a.
Depi ayè jedi a, gen anpil zòn nan depatman sa yo ki anba gwo lapli ak van ki ti kras vyolan.















