Lapolis Nasyonal d Ayiti, avèk sipò Task Force la, lanse depi byen bonè nan maten yon operasyon kont gang ame 400 Mawozo nan Kwadèboukè. Daprè enfòmasyon plizyè medya lokal, operasyon an vize plizyè pozisyon sispèk bandi yo, avèk itilizasyon dròn kamikaz ak elikoptè. Frap yo ta fèt nan plizyè zòn nan bastyon gang nan, ki anba direksyon chèf gang Lanmò San Jou.
Operasyon sa a fèt 72 èdtan apre disparisyon kat sòlda salvadoryen yo nan zòn Santo a. Pou kounye a, pa gen detay ofisyèl ki disponib sou bilan operasyon an.













