Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a siyen kontra plizyè milyon dola ak Eric Prince pou mèsenè vini. Plizyè milye sòlda melanje ak polisye sòti aletranje fè pati yon sèten Fòs Represyon Gang. Plizyè milye polisye ak militè ayisyen la pou asiste yo, depi anviwon 2 lane bagay sa yo ap pale, montay la toujou akouche yon ti sourit tou zwit. Ant diminye kapasite Viv Ansanm ak santi yo ta santi yo twò alèz, 5 militè salvadoryen pèdi lavi yo lachman pandan yo te gen lajan nan men yo pou ede Ayiti rejwenn lapè. Si moun ki ak zam nan pè, e sila ki san zam yo?
Kesyon gang nan peyi d Ayiti pa piti. Leta konnen l, sektè prive konnen l, blan ki di y ap vin ede nou ak ensekirite a konnen sa k ap pase a byen tou. Se pèp la ki toujou pèdan.















