Konpayi ayeryèn “American Airlines” prevwa rekòmanse vòl li yo pou Ayiti apati 1ye novanm 2026, avèk yon sèvis chak jou sou trajè Miami-Okap, daprè enfòmasyon konpayi an pibliye. Vòl sa yo ta dwe fèt ak avyon Boeing 737, sa ki pral pèmèt pasaje yo vwayaje dirèkteman ant Miami, Ozetazini, ak Okap, nan nò Ayiti. American Airlines te sispann vòl li yo pou Ayiti nan fen ane 2024, nan yon kontèks ensekirite kote plizyè avyon komèsyal te sibi kout bal. Ensidan sa yo te lakòz gwo enkyetid sou sekirite transpò ayeryen nan peyi a.
Si rekòmansman an fèt jan sa prevwa a, sèvis Miami–Okap la ap ofri pasaje yo yon lòt opsyon pou vwayaje ant Etazini ak nò Ayiti.













