Victor Albeiro Pineda Cardona, yon ansyen manm fòs espesyal Kolonbi, akize kòm youn nan moun ki te tire sou Prezidan ayisyen Jovenel Moïse pandan atak ki te lakòz lanmò li nan dat 7 jiyè 2021. Daprè enfòmasyon Miami Herald rapòte, pwokirè federal ameriken yo prezante plizyè eleman nan kad yon odyans ki te fèt lendi 28 septanm 2026, kote yo t ap egzamine demann pou liberasyon Pineda Cardona sou kosyon.
Aprè odyans lan, jij federal la bay lòd pou Pineda Cardona rete nan detansyon san posiblite pou liberasyon sou kosyon pandan pwosedi jidisyè yo ap kontinye.













