Malgre gang yo kontinye ap vale tèren, Konsèy Sekirite Nasyonzini an deside pwolonje manda Fòs Represyon Gang yo (FRG) pou yon lòt 6 mwa. Desizyon sa a ki pran madi 29 septanm 2026 la ap pèmèt fòs la kontinye misyon li an Ayiti jouk 31 mas 2027. Pwolongasyon an te apwouve pandan yon reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an, kote rezolisyon an jwenn 12 vòt pou, zewo vòt kont ak 3 abstansyon. Daprè desizyon an, Nasyon Zini ap kontinye bay FRG a sipò lojistik ak operasyonèl atravè UNSOH, nan objektif pou fasilite operasyon fòs la sou teren an.
Pandan reyinyon an, reprezantan Etazini an, Michael Waltz, mete aksan sou nesesite pou kenbe dinamik ki antoure deplwaman FRG a. Li estime arive lòt kontenjan yo dwe kontinye, pandan li souliye defi gang ame yo reprezante ann Ayiti.













