Yon machann fritay ak tout pitit fi li tonbe anba men yon gwoup nèg ame byen bonè samdi maten nan Dèlma 83, Ri Bègoni, Enpas Dè Saj. Ant 4è ak 5è nan maten, mesye yo te defonse plizyè pòt pandan yo t ap chèche yon fanm yo rele « Soso », ki gen vrè non li Solange. Daprè temwen yo, yo te prezante tèt yo kòm ajan DCPJ anvan yo pran Solange ansanm ak pitit fi li. Fanmi an di li verifye DCPJ, komisarya Dèlma 33, Dèlma 62 ak Petyonvil, men yo pa jwenn okenn enfòmasyon sou 2 moun yo.
Okenn moun poko gen nouvèl moun sa yo jiskaprezan pandan.













