Day: <span>September 27, 2026</span>

Lig Nasyon Concacaf: dezyèm vikwa pou Grenadye yo

Ayiti bat Kosta Rika 2 gòl a zewo pou dezyèm sòti li nan Lig Nasyon Concacaf yo jounen dimanch 27 septanm nan. Jean Lucner Bellegarde te louvri eskò a pandan dezyèm gòl la se Calvo, yon Kostariken ki ta pral make kont kan l. 6 pwen pou Grenadye yo ki dèyè do Kiraso. Pwochen match […]Lire plus...

Jounalis Wesly Renaud Jean libere

Wesly Renaud Jean, jounalis radyo Tele Metwopòl, jwenn liberasyon l jounen dimanch 27 septanm 2026 la selon sa pwòch li pataje nan laprès. Zèfèyis yo te leve konfrè laprès la depi 6 septanm nan Dèlma 31. Gen gwo lajan ki bay pou Wesly rejwenn libète l. Manm laprès yo resevwa nouvèl sa a ak gwo […]Lire plus...

Yo leve men sou André Michel nan komin Petyonvil

Sou kont X li, André Michel, ansyen avoka pèp la denonse agresyon li di li sibi devan otèl Ritz Kinam 2, jounen dimanch 27 septanm 2026 la, nan komin Petyonvil. Lidè “barikad se avni an” di se 2 pwòch Alix Didier Fils-Aimé ak platfòm politik li a ki se Viktwa ki bal kou devan otèl […]Lire plus...

Plis pase 7 000 ka vyolans sou fanm ak tifi

Plis pase 7 000 ka vyolans ki baze sou sèks deja anrejistre an Ayiti pandan 9 premye mwa ane 2026 la, daprè done patnè imanitè Nasyonzini yo. Prèske 600 ka te anrejistre pou mwa dawout sèlman, epi vyolans seksyèl reprezante anviwon 60% nan ka yo. Fanm ak tifi yo reprezante majorite sivivan yo. Ensekirite ak […]Lire plus...

CSPJ dekouvri fo diplòm Bak 2 nan dosye majistra yo

Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ), pa sètifye plizyè majistra aprè egzamen dosye yo. Pami pwoblèm ki parèt nan pwosesis sètifikasyon an, gen ka ki gen rapò ak fo diplòm Bak II. Sou 159 dosye majistra Komisyon Teknik Sètifikasyon CSPJ a egzamine, 119 jwenn sètifikasyon, pandan 17 pa sètifye. Lòt dosye yo toujou mande plis verifikasyon. […]Lire plus...

Contact Us