Aprè plizyè lane li te rete lwen sèn piblik la, ansyen kandida pou prezidan Jude Célestin, parèt tèt li ankò. Madi 22 septanm sa a, Jude Célestin te parèt piblikman nan Taba, kote li te enskri kòm elektè nan kad preparasyon pou pwochen eleksyon yo. Nan okazyon an, ansyen kandida prezidansyèl la fè konnen li pare pou patisipe nan pwochen eleksyon yo.
Aparisyon li mete non Jude Célestin ankò nan aktyalite politik la, pandan pwosesis elektoral la ap kontinye ann Ayiti.















