Nan kad patenarya ki genyen ant Leta Ayisyen ak gouvènman Meksiken an, 114 sòlda kite peyi d Ayiti jounen vandredi 18 septanm 2026 la pou al pran yon fòmasyon nan peyi Meksik. Responsab yo fè konnen fòmasyon sa yo se pou ranfòse kapasite Fòs Lame d Ayiti a.
Seremoni pou sòlda sa yo deplase a te dwoule nan ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti.















