Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) Repiblik Dominikèn anonse li deja depòte 1 126 Ayisyen nan kad operasyon kont migrasyon iregilye ki te kòmanse depi madi 15 septanm pou rive jodi 16 la. Daprè DGM, moun yo te remèt bay otorite ayisyen yo atravè plizyè pwen fwontyè. 528 te pase pa Elías Piña, 327 pa Dajabón, 103 pa Jimaní epi 90 pa Pedernales.
Malgre ensekirite a ap vale teren an Ayiti sa pa anpeche St domeng kontinye ap voye konpatriyòt nou yo tounen













